Senyè a sèmante l'ap kenbe li ak fòs ponyèt li — Mwen p'ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje li. Mwen p'ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou. Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Senyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a. Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, sòti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon! Senyè a pral fè tout latè a konnen nouvèl la: — Di moun lavil ki sou mòn Siyon an: Men moun ki delivre nou an ap vini. L'ap mennen moun li sove yo avè l. Y'ap mache devan l. Se rekonpans li, se rezilta travay li. Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.
Li Ezayi 62
Koute Ezayi 62
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 62:8-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo