Jan m renmen mòn Siyon sa a! Se pou m pale. Jan m renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa. Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y'a ba ou yon lòt non, non Senyè a menm va chwazi pou ou a. W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Senyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la. Yo p'ap rele ou Timepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon fanm mari li kite li. Y'a rele ou Kèkontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Senyè a plezi, l'ap tankou yon bon mari pou peyi ou la. Menm jan jenn gason marye ak jennfi, se konsa Senyè a pral marye avè ou. Menm jan nonm marye kontan madanm li, se konsa Bondye pral kontan ou. Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Senyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou. Se pou yo kenbe l kout jouk la fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li. Senyè a sèmante l'ap kenbe li ak fòs ponyèt li — Mwen p'ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje li. Mwen p'ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou. Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Senyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a. Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, sòti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon! Senyè a pral fè tout latè a konnen nouvèl la: — Di moun lavil ki sou mòn Siyon an: Men moun ki delivre nou an ap vini. L'ap mennen moun li sove yo avè l. Y'ap mache devan l. Se rekonpans li, se rezilta travay li. Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.
Li Ezayi 62
Koute Ezayi 62
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 62:1-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo