Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy.
Pouvwa Senyè a pral klere sou ou.
Lòt nasyon yo nan fènwa,
yon nyaj kouvri lòt pèp yo.
Men limyè Senyè a pral leve sou nou!
Pouvwa li pral parèt sou nou!
Nasyon yo pral kouri vin
nan limyè nou an.
Tout wa yo pral kouri vin
nan klète jou k'ap leve pou nou an.
Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap pase!
Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo.
Pitit gason nou yo ap sòti byen lwen.
Moun ap pote pitit fi nou yo tankou ti bebe y'ap pote sou kote.
Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale!
Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n mete kò nou!
Y'ap pote richès nasyon yo ban nou.
Y'ap sòti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou.
Y'ap ban nou kantite chamo ki sòti peyi Madyan ak peyi Efa.
Nou p'ap konnen kote pou n mete yo.
Moun ap sòti peyi Saba, chaje lò ak lansan.
Y'ap pwonmennen fè lwanj Senyè a toupatou.
Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou.
N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis.
N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m plezi.
Senyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò.
Ki tout moun sa yo? Y'ap plannen tankou yon nyaj nan syèl la,
tankou yon bann pijon k'ap tounen vin nan kalòj yo?
Se yon bann bato k'ap sòti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan.
Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo.
Y'ap pote lajan ak lò ak yo ankantite,
pou sa sèvi lwanj pou Senyè a, Bondye nou an.
Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a.
Senyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa:
— Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo!
Se wa yo ki pral sèvi nou domestik.
Nan kòlè mwen, mwen te pini nou.
Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè.
Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit.
Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo
ka pote tout richès peyi yo lakay nou.
Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo.
Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.
Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an,
pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou
pou dekore Tanp ki apa pou mwen an,
pou anbeli kote m rete a.
Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese.
Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou.
Y'a rele nou lavil Senyè a,
Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Mwen p'ap vire do ban nou ankò.
Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pèsonn pou vizite nou.
M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou.
Y'a fè fèt de tit an tit.
Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou
tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete.
Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki sove nou.
Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.
M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv.
M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè.
N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch.
Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze.
Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.
Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò.
Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l.
M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou.
M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen.
Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit.
Se mwen menm, Senyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan.
Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Solèy nou an p'ap janm kouche ankò.
Lalin nou an p'ap janm disparèt.
Se Senyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan.
Jou lafliksyon nou yo fini.
Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat.
Y'a rete nan peyi a pou tout tan.
Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo,
se mwen ki fè yo ak men mwen,
pou m ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (1.000) moun.
Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon.
Se mwen menm Senyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.