Verite disparèt. Si ou pa vle fè kou tout moun, se piye y'ap piye ou met sou li. Senyè a wè sa. Sa te fè l mal paske pat gen jistis nan peyi a. Li sezi wè pèsonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouray li. Li ba l men, li pran defans li. Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l ak fòs pou l pran defans moun li renmen yo. L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l yo, li pral tire revanj sou lènmi l yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo. Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Senyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt. M'ap vin sou mòn Siyon an pou m delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Senyè a menm ki di sa. Senyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Li Ezayi 59
Koute Ezayi 59
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 59:15-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo