Lè sa a, Senyè a di: — Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranble. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an. Se mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò. Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouray. Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito. Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouray sa ki nan lapenn yo. M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo. Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivay la. Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.
Li Ezayi 57
Koute Ezayi 57
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 57:14-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo