Ezayi 55:8-12

Ezayi 55:8-12 HAT98

Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou. Gade! Lapli ak lawouze sòti nan syèl la, yo pa tounen kote yo sòti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje. Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a. N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!