Vini non, nou tout ki swaf. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte bwason ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje. Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo. Gade. Mwen te fè l chèf pou l te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l sèvi m temwen nan mitan yo. Gade, ou pral rele nasyon ou pat konnen. Nasyon ki pat konnen ou pral kouri vin jwenn ou. Se mwen menm, Senyè a, Bondye ou la, Bondye apa pèp Izrayèl la, k'ap fè sa rive konsa, paske m'ap leve ou anlè. Tounen vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l pandan li toupre nou an.
Li Ezayi 55
Koute Ezayi 55
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 55:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo