Nou pat gade l menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l. Nou pat okipe l, nou pat pran ka l menm. Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l, se kraze Bondye t'ap kraze l anba men l. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo. Chatiman ki te pou tonbe sou nou an, Senyè a fè li tonbe sou li. Yo te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pat janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l, li pat janm louvri bouch li di anyen. Yo pran li, yo mete li nan prizon, yo trennen li nan tribinal. Pa te gen pesonn pou te pran ka li, lè yo wete li nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp li a yo te touye li. Yo mete li nan kavo nan mitan tonm moun rich yo. Atout li pa te fè ankenn krim nan, atout manti pa te janm soti nan bouch li a, yo antere li menm kote ak kriminèl yo. Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa, pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Senyè a va mache byen nan men l. Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pat soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l. L'a fè Bondye fè yo gras. Se poutèt sa, m'ap pran l mete l chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se li menm menm ki te bay tèt li pou l mouri konsa. Li te kite yo mete l ansanm ak kriminèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.
Li Ezayi 53
Koute Ezayi 53
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 53:3-12
4 Jou
Gid lekti sa a ap gide lektè yo atravè aspè kle nan Liv Ansyen Testman yo, ofri yon vizyon sou estrikti, tèm, ak enpòtans divès liv yo. Pandan kat jou, n ap eseye konprann kontèks istorik, estil literè, ak mesaj ki fè chak liv yo diferan, pandan n ap pwofondi konpreyansyon ak apresyasyon nou pou Bib la an jeneral.
5 Jou
Gid lekti pou senk jou sa a rantre nan yon koze ki enpòtan anpil ki fè anpil deba pandan plizyè jenerasyon: Kiyès Jezi ye menm? Pandan ti tan devosyon sa a, Pastè Louie Giglio envite w fè yon rankont ak Bondye nan intelijans ou epi nan kè w lè w va fin dekouvri kisa listwa ak pawòl la gen pou di sou Jezi. Nou ta renmen remèsye Louie Giglio ak Passion Publishing pou gid lekti sa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo