Ezayi 51:1-16

Ezayi 51:1-16 HAT98

Men sa Senyè a di: — Nou tout ki dèyè delivrans lan, nou tout k'ap chache Senyè a, chonje rasin kote nou soti, chonje ki pyebwa nou ye! Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni l, mwen ba li anpil pitit. Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze li yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m'ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m mèsi. Nou menm pèp mwen, koute sa m'ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m'ap anseye prensip ki dwat, y'a sèvi gid pou nasyon yo. Mwen p'ap mize vin sove nou. Talè konsa m'ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y'ap tann mwen vin delivre yo. Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa. Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm k'ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou. Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò. Leve non, Senyè! Leve non! Mete kouraj ou sou ou, Senyè! Leve non, tankou nan tan lontan, jan ou te fè l' la sou tan zansèt nou yo! Apa ou menm ki te krabinen Raab, gwo dragon lanmè a, pakanpak? Apa ou menm ki te pèse gwo dragon lanmè a? Se ou menm ki te cheche dlo lanmè a. Se ou menm ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou moun ou t'ap delivre yo te ka pase. Moun Senyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an ak chante nan bouch yo, ak kontantman sou figi yo. Y'ap gen yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn ankò, p'ap gen plenyen ankò. Se va fèt, se va kè kontan pou tout tan. Senyè a di: — Se mwen menm k'ap ban nou kouray. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann? Gen lè ou bliye Senyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa devan kòlè moun k'ap peze ou yo, moun k'ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou? Talè konsa, yo pral lage moun ki nan prizon yo. Yo p'ap mouri nan kacho. Y'a toujou jwenn dekwa pou yo manje. Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye ou la. Mwen souke dlo lanmè a, mwen fè lanm lanmè yo gwonde. Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele m! Mwen konfye ou pawòl mwen, W'ap jwenn pwoteksyon anba zèl mwen, M'ap fè yon syèl nouvo, m'ap fè yon tè tou nèf. M'ap di Siyon: Ou se pèp mwen.