Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo.
Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an,
nou menm ki sòti nan ras Jida a,
nou pran non Senyè a pou fè sèman.
N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la.
Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l la.
Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye.
Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou,
li menm yo rele Senyè ki gen tout pouvwa a.
Depi lontan mwen te fè nou konnen davans sa ki ta pral rive.
Mwen te pale pou tout moun tande.
Mwen rete konsa, mwen fè sa m gen pou m fè a, epi yo rive vre.
Mwen te konnen jan nou wòklò.
Tèt nou di pase fè, di pase wòch
Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki ta pral rive nou.
Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive
pou nou pa te di zidòl nou yo ki te fè sa pou nou,
se estati fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa.
Se pou nou rekonèt tou sa mwen te di nou yo rive vre.
Enben, mwen pral fè ou konnen lòt bagay ankò ki gen pou rive,
bagay mwen te kenbe pou mwen, bagay ou pa ka konnen menm.
Se bagay m'ap fè kounyeya menm.
Mwen pa janm kò fè sa.
Se bagay nou pat janm konnen jouk jounen jòdi a.
Konsa nou pa ka di nou te konn sa deja!
Nou pat janm konn bagay konsa, nou pat janm tande sa.
Mwen pat kase bwa nan zòrèy nou sou sa,
paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans.
Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.
Se poutèt non mwen pote a kifè mwen kenbe kòlè m.
Se paske mwen vle pou moun fè lwanj mwen
kifè mwen pa koute kòlè m pou m kraze nou!
Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon,
mwen te fè nou pase tray pou m wè kote nou ye.
Se poutèt mwen, poutèt mwen menm ase, mwen fè sa m fè a.
Eske m ka kite yo derespekte non mwen?
Mwen p'ap kite yon lòt resevwa lwanj ki pou mwen an!
Nou menm fanmi Jakòb yo,
Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m byen.
Se mwen menm ki te la anvan tout bagay,
Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba.
Mwen p'ap janm chanje.
Se mwen menm ak men mwen ki fè latè.
Se ak fòs ponyèt mwen mwen louvri syèl la.
Lè m rele yo, yo tout kouri vin nan pye m.
Nou tout, sanble non pou nou koute m!
Kilès nan zidòl nou yo ki te fè konnen depi davans tout bagay sa yo?
Moun mwen renmen an pral fè travay mwen vle l fè a
kont lavil Babilòn, kont ras moun Kalde yo.
Se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l.
Se mwen menm ki fè l vini. M'ap fè l reyisi nan travay l'ap fè a.
Pwoche kote m non, koute sa m'ap di:
Depi nan konmansman mwen pa kache nou anyen.
Depi lè bagay la t'ap rive, mwen te la.
Kounyeya, Senyè a ban mwen lespri l, li voye m!
Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa,
Senyè k'ap delivre yo a, men sa li di:
— Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.
Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou.
Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la.
Si sèlman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo,
benediksyon ta vide sou nou tankou lapli k'ap tonbe.
Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm,
m pa ta janm sispann kanpe pou nou!
Moun ras nou yo ta menm kantite ak grenn sab.
Pitit pitit nou yo ta tankou grenn sab bò lanmè.
Anyen pa ta ka detwi nou devan mwen.
Non! Nou pa ta janm disparèt devan mwen.
Sòti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo!
Gaye nouvèl la ak kè kontan.
Mache fè konnen l toupatou.
Senyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a.
Lè li t'ap mennen yo nan dezè a, yo pat swaf dlo.
Li fè sous dlo pete nan wòch pou yo.
Li fann wòch la, dlo koule sòti.
Men Senyè a di: Senyè a di: Pa gen kèpoze pou mechan!