Se Senyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l chita fèm. Li pat fè l pou l te tounen yon dezè, men pou l te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Senyè a. Nanpwen lòt. Se pa ankachèt mwen te pale, ni nan kalbas. Mwen pa te di moun ras Jakòb yo pou yo chache m' kote ki pa gen anyen. Mwen menm, se Senyè a mwen ye. Mwen pale laverite. Mwen fè konnen sa ki dwe fèt. Senyè a di ankò: — Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen! Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pat mwen menm, Senyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun. Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt! Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pèsonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
Li Ezayi 45
Koute Ezayi 45
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 45:18-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo