Senyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l pou l wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Senyè a di wa Siris: — Se mwen menm k'ap louvri chemen pou ou. M'ap fè mòn yo vin plat. M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo. M'ap kase ba fè yo de bout. M'a ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a, richès ki kache nan depo kote moun pa konnen. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a. Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pat konnen m lan. Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pat konnen m lan. Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt! Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Senyè a ki fè tou sa. M'ap rete nan syèl la, m'ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli, pou nou ka gen batay la. Latè pral louvri de bra l pou resevwa l. Delivrans pral fleri sou latè, lajistis pral boujonnen toupatou. Se mwen menm Senyè a k'ap fè tou sa rive. Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon. Madichon pou pitit k'ap di papa l ki kalite pitit ou fè la a. Madichon pou pitit k'ap di manman l ki kalite pitit ou met sou latè a la a!
Li Ezayi 45
Koute Ezayi 45
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 45:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo