Ezayi 44:12-28

Ezayi 44:12-28 HAT98

Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l nan dife, li travay li ak mato. Li ba l fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò. Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l mete l nan yon tanp. Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l grandi. Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a, yo fè yon bondye pou yo adore, yo estati pou mete ajenou devan li. Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife! Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l, yo lapriyè devan l, y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m non! Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo pa reflechi, yo pa konn anyen, yo pa konprann pou yo ta di: mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen pare manje sou chabon dife a. Mwen boukannen vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a, mwen fè yon bagay pou avili mwen, mwen fè yon zidòl. M'ap adore bout bwa! Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye. Senyè a di: — Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m. Mwen p'ap janm bliye nou! Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m tankou yon nyaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou. Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Senyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li. Men sa Senyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: — Se mwen menm, Senyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m t'ap fè latè, kilès ki te ede m? Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou. Men lè sèvitè m pale, mwen ba l rezon. Lè mesaje m yo bay yon pawòl, mwen fè l rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò. Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo. Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon Tanp Bondye a.