Ezayi 43:14-28

Ezayi 43:14-28 HAT98

Men sa Senyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: — Pou m ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann sòti sou batiman ki te tout lògèy yo a. Se mwen menm Senyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou! Nan tan lontan, se li menm, Senyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo. Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li. Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase! Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan. Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak grangozye pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele l' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè. Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen. Senyè a di: — Men se pa mwen menm nou te sèvi, nou menm fanmi Jakòb yo! Nou menm pèp Izrayèl la, nou te bouke avè m. Nou pat ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pat pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pat fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pat fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen. Nou pat depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pat ofri m grès bèt nou touye yo pou sa te fè m plezi. Men, se nou menm ki kraze m ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m ak mechanste n'ap fè yo. Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo. Ede m chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon. Premye zansèt nou an te fè sa li pat dwe fè. Mesaje nou yo te vire do ban mwen. Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.