Ezayi 43:1-17

Ezayi 43:1-17 HAT98

Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l: — Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou. M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil. Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou sòti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche. M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m yo tounen sòti byen lwen. Kite pitit fi m yo tounen sòti toupatou sou latè. Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo sòti. Senyè a di ankò: — Fè pèp la konparèt devan m. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande. Rele tout nasyon yo, fè yo tout reyini ansanm. Fè yo sanble nan tribinal la. Kilès nan bondye moun sa yo ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè nou konnen bagay k'ap rive kounyeya? Fè bondye sa yo vini ak temwen ki pou kanpe pale pou yo. Lè y'a tande yo, y'a ba yo rezon! Men pawòl Senyè a di: — Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Senyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm! Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen okenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Senyè a menm ki di sa. M pa janm chanje. Pèsonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè? Men sa Senyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: — Pou m ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann sòti sou batiman ki te tout lògèy yo a. Se mwen menm Senyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou! Nan tan lontan, se li menm, Senyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo. Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li.