Senyè a di: — Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m plezi anpil la! Mwen mete lespri m sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis. Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari. Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt. Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouray, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.
Li Ezayi 42
Koute Ezayi 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 42:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo