Nou menm moun zile yo, pe bouch nou!
Koute sa m'ap di nou!
Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kòz nou!
Annou plede pou n wè kilès ki gen rezon!
Kilès ki te fè chèf la sòti bò solèy leve,
ki te fè l genyen nan tout batay kote l pase?
Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l,
ki soumèt tout wa yo devan l?
Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè.
Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.
L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen.
Pye l pa menm touche tè.
Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive?
Ki moun ki depi nan koumansman ap rele lèzòm, pitit an pitit,
pou yo fè travay li sou latè?
Se mwen menm, Senyè a, ki la anvan yo tout.
Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.
Moun zile yo wè sa, yo pè.
Moun nan dènye bout latè pran tranble,
yo pwoche, yo vini.
Yonn ap ede lòt. Yonn ap di lòt: Pran kouray!
Bòs atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la.
Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l yo ap ankouraje bòs fòjon an.
Yon lòt di: Soudi a bon!
Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe.
Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m yo!
nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a!
Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!
Mwen pran nou nan dènye bout latè,
mwen rele nou sòti byen lwen.
Mwen di nou: Se sèvitè m nou ye!
Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou!
Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote.
Se mwen menm ki Bondye nou.
M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou.
M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont,
yo pral bese tèt yo.
Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt,
yo pral mouri.
Moun ki t'ap fè nou lagè yo, n'a chache yo, nou p'ap wè yo.
Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparèt, yo p'ap la ankò!
Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou!
M'ap pran men nou, m'ap di nou:
Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!
Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo,
nou te mèt piti tankou yon vètè,
fèb tankou yon chini, nou pa bezwen pè.
Se mwen menm k'ap ede nou,
mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa.
Se mwen menm k'ap delivre nou.
Se Senyè a menm ki di sa!
M'ap fè nou tounen yon machin pou raboure tè,
yon machin tou nèf avèk dan byen file.
Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo.
Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè.
Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale.
Van tanpèt ap gaye yo toupatou.
Men, nou pral fè fèt pou Senyè a.
Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn,
lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo,
mwen menm, Senyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m lan.
Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
M'a fè gwo dlo larivyè koule sou tout tè sèk
kote ki pat gen menm yon ti pyebwa.
M'a fè sous dlo pete nan fon yo.
M'ap fè dezè a tounen lagon dlo.
Sous dlo pral pete nan tout tè sèk yo.
M'ap fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a,
ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon.
Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen,
pye bwadòm ak pye sèd.
Lè moun va wè sa, y'a konnen pou yo pran tèt yo, pou yo manyè konprann
se Senyè a ki fè bagay sa yo ak men l,
se travay Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a.