Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bòn nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bòn nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini! Men Senyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouray li. Li pral pran pouvwa a nan men l. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l. Y'ap mache devan l! Se rekonpans li. Se rezilta travay li. Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo. Kilès ki ka mezire ak men li valè dlo nan lanmè? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz gwo mòn yo ak ti mòn yo nan balans? Ki moun ki ka di Senyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy? Ki moun Senyè a t'al jwenn pou l'te ka gen bon konprann? Ki moun ki te moutre li jan pou li rann jistis? Ki moun ki te ba li konesans? Ki moun ki te fè li konnen jan tout bagay fèt? Gade! Devan Senyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo lejè pase pousyè van ap leve! Bèt peyi Liban pa ase pou fè ofrann ofri bay Bondye ni bwa li yo p'ap kont pou boule sou lotèl li. Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Senyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l. Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l?
Li Ezayi 40
Koute Ezayi 40
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 40:9-18
5 Days
Every good story has a plot twist—an unexpected moment that changes everything. One of the biggest plot twists in the Bible is the Christmas story. Over the next five days, we’ll explore how this one event changed the world and how it can change your life today.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo