Ezayi 40:1-17

Ezayi 40:1-17 HAT98

Cheche dlo nou! Wi, cheche dlo nan je nou! Se Bondye nou an menm ki di sa. Rele moun Jerizalèm yo! Anonse yo byen fò, anonse yo kòve yo fini. Yo fin peye sa yo fè. Senyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo. Yo vvwa rele byen fò, li di: — Pare chemen Senyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann nan pou Bondye nou an. Se pou yo konble tout fon yo! Se pou tout gwo mòn yo, tout ti mòn yo, tout mòn apik yo vin plat. Se pou tout falèz yo vin bouche plat. Senyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l menm lè a. Se Senyè a menm ki di sa ak bouch li. Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt vwa reponn: Sa pou m'di? Di yo moun se zèb. Tout bèlte yo, se bèlte flè savann. Zèb la cheche, flè a fennen, lè Senyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye! Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan! Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bòn nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bòn nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini! Men Senyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouray li. Li pral pran pouvwa a nan men l. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l. Y'ap mache devan l! Se rekonpans li. Se rezilta travay li. Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo. Kilès ki ka mezire ak men li valè dlo nan lanmè? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz gwo mòn yo ak ti mòn yo nan balans? Ki moun ki ka di Senyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy? Ki moun Senyè a t'al jwenn pou l'te ka gen bon konprann? Ki moun ki te moutre li jan pou li rann jistis? Ki moun ki te ba li konesans? Ki moun ki te fè li konnen jan tout bagay fèt? Gade! Devan Senyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo lejè pase pousyè van ap leve! Bèt peyi Liban pa ase pou fè ofrann ofri bay Bondye ni bwa li yo p'ap kont pou boule sou lotèl li. Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Senyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l.