Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòt, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm: Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a, l'a pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun ap soti tout peyi vin Jerizalèm. Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: — Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò. Kounyeya, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Senyè a ban nou an.
Li Ezayi 2
Koute Ezayi 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 2:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo