Ezayi 1:1-9

Ezayi 1:1-9 HAT98

Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm Bondye te fè Ezayi, pitit amòt, wè sou reny wa Ozyas, Jotam, Akaz epi Ezekyas nan peyi Jida a. Senyè a di konsa: — Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Senyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen. Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp Izrayèl pa konnen mwen. Pèp mwen an pa pyès diferans. Malè pou peyi nou an kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans li! Malè pou ras sa a k'ap fè sa ki mal! Malè pou bann moun sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye, Senyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li. Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou nou pran kou. Tèt la malad, tout rès kò a ap soufri. Soti nan kwenn tèt rive nan plapye, tout kò nou malad: Se blese, se foulay, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo. Yo pa mete anyen sou yo. Yo pa panse yo pou kalme doulè yo. Peyi nou an fini. Dife fin boule tout vil nou yo rapyetè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, epi la devan je nou. Yo fini ak tout bagay nèt nan peyi a. Yo sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a. Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonnèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l toupatou. Si Senyè ki gen tout pouvwa a pa te kite kèk nan nou chape, lavil la ta disparèt nèt Nou ta tankou Sodòm ak Gomò.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an