Senyè a di: — Nou menm moun Efrayim, kisa pou m fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m fè ak nou? Nou renmen m, se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nyaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve. Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l aklè devan nou. Mwen ta pito wè nou renmen m tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen. Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo. Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye. Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l. Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.
Li Oze 6
Koute Oze 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Oze 6:4-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo