Men, Bondye te gen repwòch pou l fè pèp li a. Se sa k fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a. Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip la. Yo pat fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pat okipe yo tou. Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m yo nan lespri yo, m'a make lwa m yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen. Pèsonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pèsonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m, depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.
Li Ebre 8
Koute Ebre 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 8:8-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo