Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li. Li te di: Mwen pwomèt ou pou m beni ou, pou m ba ou anpil anpil pitit pitit. Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a. Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou tèt sa ki pi chè pou yo a. Sèman an sèvi garanti pou met pwenfinal ak tout diskisyon. Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sa k fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la. Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l, sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an. Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la. Se la Jezikri te antre anpremye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki tounen granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
Li Ebre 6
Koute Ebre 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 6:13-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo