Se poutèt sa, jan Sentespri te di l la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l, lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo. Lè sa a, zansèt nou yo te tante m, yo te sonde m atout yo te deja wè tou sa m t'ap fè depi karantan. Se sa k fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m yo. Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.
Li Ebre 3
Koute Ebre 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 3:7-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo