Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou. Pawòl zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pat okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l yo te resevwa chatiman yo te merite a. Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Senyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.
Li Ebre 2
Koute Ebre 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 2:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo