Ebre 11:8-16

Ebre 11:8-16 HAT98

Se konfyans nan Bondye ki fè Abraram te obeyi lè Bondye rele li. Li pati al nan peyi Bondye ta pral ba li pou eritaj la. Li leve, li kite peyi li san li pa te konnen ki bò li ta prale ojis. Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomèt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakòb te fè tou, yo menm ki te resevwa menm pwomès la nan men Bondye. Paske, Abraram menm t'ap tann lavil ki gen bon fondasyon solid la. Se Bondye ki te fè plan lavil sa a, epi se li menm tou ki te bati li. Se konfyans nan Bondye ki fè Sara te rive fè pitit, atout li pa te kapab epi li te fin depase laj. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li. Se konsa, yon sèl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syèl la, yo tankou grenn sab bò lanmè. Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pat gentan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte. Lè yo t'ap pale konsa, yo te tou fè moun wè yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo. Si yo te regrèt latè apre yo te fin kite l, yo ta ka gen chans tounen ladan l ankò. Okontrè, yo te dèyè yon lòt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syèl la. Se poutèt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo.