Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Ebre 11:4-7

Ebre 11:4-7 HAT98

Se konfyans ki fè Abèl te bay Bondye yon ofrann ki pi bon pase ofrann Kayen an. Paske Abèl te gen konfyans nan Bondye, Bondye te asepte li pou moun dwat. Se konsa li te asepte kado Abèl te fè li a. Se akoz konfyans sa a ki fè n'ap lonmen non Abèl jouk koulyeya, malgre li mouri a. Se konfyans nan Bondye ki fè Enòk moute nan syèl san pase anba lanmò. Pesonn pa janm wè li ankò. Apre Bondye fin pran li. Nou jwenn sa ekri: Enòk te fè Bondye kontan anvan Bondye te pran li. Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li. Se konfyans nan Bondye ki fè Noye te konnen davans bagay ki ta pral rive, bagay li pa t'ap janm konnen. Li te obeyi Bondye, li te bati yon gwo batiman. Li te jwenn refij ak tout fanmi li andan batiman an. Epi tout lòt moun yo te peri. Konsa konfyans te fè Noye vin eritye gras Bondye a.

Li Ebre 11

Koute Ebre 11

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 11:4-7

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo