Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre. Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo. Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè. Se konfyans ki fè Abèl te bay Bondye yon ofrann ki pi bon pase ofrann Kayen an. Paske Abèl te gen konfyans nan Bondye, Bondye te asepte li pou moun dwat. Se konsa li te asepte kado Abèl te fè li a. Se akoz konfyans sa a ki fè n'ap lonmen non Abèl jouk koulyeya, malgre li mouri a. Se konfyans nan Bondye ki fè Enòk moute nan syèl san pase anba lanmò. Pesonn pa janm wè li ankò. Apre Bondye fin pran li. Nou jwenn sa ekri: Enòk te fè Bondye kontan anvan Bondye te pran li. Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li. Se konfyans nan Bondye ki fè Noye te konnen davans bagay ki ta pral rive, bagay li pa t'ap janm konnen. Li te obeyi Bondye, li te bati yon gwo batiman. Li te jwenn refij ak tout fanmi li andan batiman an. Epi tout lòt moun yo te peri. Konsa konfyans te fè Noye vin eritye gras Bondye a.
Li Ebre 11
Koute Ebre 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 11:1-7
5 Jou
Men yon gid lekti biblik ki ap pote lespwa ak ankourajman. Pou chak jou, n ap jwenn vèsè ak istwa ki montre kijan Bondye se sous lajwa ak kouraj nan moman difisil. Devosyon sa yo ap raple nou kijan Bondye bay lapè ak fòs pou kontinye avanse, menm lè bagay yo difisil. Medite sou pawòl sa yo pou jwenn direksyon nan pwojè nou yo ak lespwa menm lè nou poko wè kijan yo va reyalize.
7 jou
Yon vi nan kè kontan ki gen sans baze sou relasyon, lanmou ak lafwa. Si w’ap chèche plis klasifikasyon sou plan Bondye pou lavi ou, angaje plan sa pou ede konsantre sou pouswit ak dekouvèt ou. Tire nan liv, “Out of This World: A Christian’s Guide to Growth and Purpose (Deyò mond sa; Yon gid Kretyen pou kwasans ak objektif)” David J. Swandt ekri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo