Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Aje 1:3-9

Aje 1:3-9 HAT98

Se poutèt sa, men mesay Senyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la. Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze? Bon. Kounyeya, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a. Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan. Wi! Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a! Lèfini, ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Senyè a ki di sa. Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l mete nan depo, mwen fè l gate. Poukisa mwen fè sa? Se Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale wi. Se paske nou kite Tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo.

Li Aje 1

Koute Aje 1

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Aje 1:3-9

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo