Kisa yon estati bwa ka fè pou nou jouktan nou fè moun travay fè li pou nou an? Kisa estati metal yo fonn yo ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo? Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l: Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l: Kanpe non! Eske bout bwa ak moso wòch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi. Senyè a prezan nan Tanp li mete apa pou li a. Se pou tout latè nèt fè silans devan li.
Li Abakik 2
Koute Abakik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Abakik 2:18-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo