Abakik 2:1-3

Abakik 2:1-3 HAT98

Mwen moute sou fò a. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a. M'ap tann wè sa Senyè a pral di mwen, ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen fin plenyen ba li a. Men repons Senyè a ban mwen. Li di m' konsa: — Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave li byen grave sou wòch pou yo ka li li fasil. Ekri l paske se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l rive. Li gen pou l rive vre. Si li pran reta pou l rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a.