Senyè a pale ak pèp li a, li di: — Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon bagay devan je nou. Si se moun ki vin di nou sa, nou p'ap vle kwè. M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp san pitye, san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo. Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pèsonn. Yo pa pran lòd nan men pèsonn. Yo fè sa yo pi pito. Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo sòti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul. Sòlda yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè. Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo. Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y'al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè. Senyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m, Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Senyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou? Ou twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di angen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo? Kouman ou fè aji ak moun tankou yo aji ak pwason nan lanmè, tankou bèt san mèt nan bwa ki mache sou vant? Moun Babilòn peche moun kou pwason yo pran nan zen. Yo rale yo nan senn, yo ranmase yo nan nas. Lèfini yo kontan, y'ap fè fèt. Se sa k fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje. Eske y'ap toujou sèvi ak epe yo san rete pou touye moun lòt nasyon yo san pitye?
Li Abakik 1
Koute Abakik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Abakik 1:5-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo