Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Abakik 1:5-11

Abakik 1:5-11 HAT98

Senyè a pale ak pèp li a, li di: — Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon bagay devan je nou. Si se moun ki vin di nou sa, nou p'ap vle kwè. M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp san pitye, san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo. Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pèsonn. Yo pa pran lòd nan men pèsonn. Yo fè sa yo pi pito. Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo sòti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul. Sòlda yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè. Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo. Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y'al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè.

Li Abakik 1

Koute Abakik 1

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Abakik 1:5-11

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo