Lè sa a, Bondye di Noye: — Sòti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo. Fè tout bèt yo sòti tou ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò. Se konsa Noye sòti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo. Tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo sòti nan batiman an tou. Noye bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la. Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l plezi. Li di nan kè l: — Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l la. Toutotan latè la Sezon plante ak sezon rekòt Sezon chalè ak sezon fredi Lajounen ak lannwit Bagay sa yo ap toujou la Toutotan latè pa kaba.
Li Jenèz 8
Koute Jenèz 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 8:15-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo