Jenèz 8:1-17

Jenèz 8:1-17 HAT98

Men, Bondye vin chonje Noye ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese. Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe. Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (150) jou dlo yo te konmanse bese. Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo. Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt. Karant jou apre sa, Noye louvri fennèt li te fè nan batiman an. Li lage yon kònèy. Kònèy la sòti. L'ale vini, l'ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè. Apre sa, li lage yon pijon pou l wè si dlo a te fin bese sou tè a. Men, pijon an pat jwenn kote pou l poze. Li tounen vin jwenn Noye nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noye lonje men l, li pran pijon an, li fè l antre nan batiman an ankò. Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l sòti nan batiman an. Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tou vèt nan bèk li. Konsa, Noye vin konnen dlo a te bese sou tout latè. Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pat tounen vin jwenn li ankò. Se konsa, lè Noye te gen sisan ennan (601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noye dekouvri batiman an, li voye je l gade, li wè tout tè a te chèch. Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt. Lè sa a, Bondye di Noye: — Sòti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo. Fè tout bèt yo sòti tou ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò.