Men pitit pitit Noye yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noye te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pat nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye. Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. Bondye gade latè, li wè l te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti. Lè sa a, Bondye di Noye konsa: — Mwen deside pou m fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè. Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l. W'a badijonnen l byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon.
Li Jenèz 6
Koute Jenèz 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 6:9-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo