Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jenèz 50:14-21

Jenèz 50:14-21 HAT98

Apre Jozèf fin antere papa l, li tounen Lejip ansanm ak frè l yo ak tout moun ki te moute avè l pou lantèman papa l la. Apre lanmò papa yo, frè Jozèf yo di: — Ou pa janm konnen. Jozèf ka kenbe nou nan kè, li ka fè nou peye tou sa nou te fè l yo. Se konsa yo voye di Jozèf: — Men komisyon papa te ban nou pou ou anvan l te mouri: Men sa n'a di Jozèf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frè ou yo te fè ou la. Padonnen peche yo paske yo te fè ou mal anpil. Kounyeya atò, tanpri, padonnen mal nou te fè ou la, nou menm k'ap sèvi Bondye papa ou la. Lè Jozèf tande pawòl sa a, li pran kriye. Apre sa, frè l yo vini yo menm menm, yo bese tèt yo jouk atè devan li, yo di l konsa: — Men nou pote tèt nou pou nou sèvi ou domestik. Jozèf di yo: — Nou pa bezwen pè. Mwen pa kapab pran plas Bondye. Nou te moute konplo pou fè m mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen, pou l te fè sa k rive jòdi a rive, pou l te ka sove lavi tout kantite moun sa yo. Non. Nou pa bezwen pè. M'ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Se konsa, Jozèf te pale byen ak frè l yo, li te di yo pawòl ki te touche kè yo, li remoute kouray yo.

Li Jenèz 50

Koute Jenèz 50

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 50:14-21

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo