Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo!
Vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.
Ou menm, Riben, premye pitit gason mwen,
ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè.
Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs,
se ou ki pi grannèg.
Ou tankou yon larivyè k'ap desann.
Men, se pa ou k'ap alatèt,
paske ou kouche ak yon madanm papa ou.
Ou moute sou kabann mwen,
ou fè sa ou pat dwe fè.
Simeyon ak Levi,
se pwason kraze nan bouyon.
Yo sèvi ak zam yo pou yo fè mechanste.
Mwen p'ap patisipe nan konplo yo,
Mwen p'ap la avèk yo nan reyinyon yo.
Paske lè yo ankòlè, yo touye moun.
Yo koupe dèyè jarèt towo bèf pou donmaje yo.
Madichon pou yo lè yo ankòlè, paske yon vin sanmanman!
M'ap fè yo rete toupatou nan peyi Jakòb la,
m'ap gaye yo nan tout peyi Izrayèl sa a.
Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou.
W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou.
Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.
Jida, se yon jenn ti lyon.
Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou.
Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon.
Ki moun ki ka deranje ou?
Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida.
Non. Baton kòmandman an p'ap sòti nan mitan janm li,
jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.