Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jenèz 46:26-34

Jenèz 46:26-34 HAT98

Antou sa te fè swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakòb, san konte madanm pitit li yo. Avèk Jozèf ki te gentan fè de pitit nan peyi Lejip, sa te fè antou swasanndis moun laras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip. Izrayèl te voye Jida devan al mande Jozèf pou l vin jwenn li Gochenn. Jozèf fè pare cha li a, li moute, l'al Gochenn, l'al kontre papa l. Rive Jozèf rive devan papa l, li lage kò l nan bra l, li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li. Izrayèl di Jozèf konsa: — Kounyeya, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri. Epi Jozèf di frè l yo ak tout fanmi papa l yo: — Mwen pral avèti wa a. Mwen pral di l: men frè m yo ak tout fanmi papa m yo ki t'ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la. Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tou sa yo genyen. Lè farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou, n'a reponn li: - Monwa, depi nou tou piti jouk koulyeya, se bèt n'ap gade tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn nan. Li te di yo sa paske moun Lejip yo pa t' ka sipòte wè moun ki fè gadinay ap viv nan mitan yo.

Li Jenèz 46

Koute Jenèz 46

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 46:26-34

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo