Jenèz 44:18-34

Jenèz 44:18-34 HAT98

Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l konsa: — Tanpri, mèt. Kite m di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an. Mèt, ou te mande nou eske papa nou la, eske nou gen lòt frè. Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l. Men, li mouri. Nan de pitit manman l yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l anpil. Ou te mande nou pou nou mennen l isit la pou ou te ka wè l. Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pat ka kite papa l. Si li kite l, chagren va touye papa a. Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou. Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l tou sa ou te di nou. Apre sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen. Nou di l: Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p'ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n'a desann. Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen. Gen yonn ki pati kite m. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l, paske mwen pa janm wè l jouk kounyeya. Jòdi a, si nou pran sa a nan men m, si yon malè rive l, avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m. Kounyeya atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m san pitit gason l sa a, ki de je nan tèt li, kou l'a gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou. Wi, se mwen menm ki te bay papa m garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l: Si m pa mennen l tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l jouk jou mwen mouri. Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l yo, kite m pran plas li. Gade m pou esklav ou. Mwen pa konnen ki pye pou m ta mete devan pou m tounen kay papa m san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m.