Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre. Frè yo menm chaje bourik yo ak ble yo te achte a, yo pati. Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la. Li di frè l yo. — Yo renmèt mwen lajan m lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: — Kisa Bondye fè nou konsa? Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l tou sa ki te pase. Yo di l: — Nèg k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon. Nou di l nou p'ap ba l manti, se pa espyon nou ye. Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran. Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen. Lè sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m manti. M'a renmèt nou frè nou an. M'a kite nou trafike nan peyi a. Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl laperèz frape ni yo ni papa yo! Lè sa a Jakòb, papa yo, di: — N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Kounyeya, nou vle pran m Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la. Riben di papa l konsa: — Papa, ou mèt touye de pitit gason m yo, si m pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l tounen ba ou. Men Jakòb te di: — Pitit gason m lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l yo. Si pou yon malè ta rive l nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m ale.
Li Jenèz 42
Koute Jenèz 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 42:25-38
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo