Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: — Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze? Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou. Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y'al achte ble. Men Jakòb pat voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l la, avèk yo paske li te pè pou malè pat rive l. Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki ta pral achte ble tou. Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l moun te konn sòti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l bonjou. Lè Jozèf wè frè l yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: — Ki bò nou sòti? Yo reponn: — Nou sòti peyi Kanaran, nou vin achte manje. Jozèf te rekonèt frè l yo, men yo menm yo pat rekonèt li. Lè sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l yo. Li di yo: — Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a.
Li Jenèz 42
Koute Jenèz 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 42:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo