Farawon an ak tout moun pa l yo te tonbe dakò ak sa Jozèf te di a. Farawon an di moun pa l yo: — Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a? Farawon an di Jozèf: — Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pesonn ki gen plis lespri ak pi bon konprann pase ou. M'ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou. Apre sa, farawon an di Jozèf: — Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l nan dwèt Jozèf. Li abiye l ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l. Li fè li moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a, apre cha wa a. Li bay gaddonè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo rele byen fò: Bravo! Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la. Farawon an di Jozèf: — Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pèsonn pa gendwa fè anyen ni al okenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou.
Li Jenèz 41
Koute Jenèz 41
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 41:37-44
5 Jou
Lavi Jozèf te ranpli ak eprèv epi pwomès. Malgre trayizon, prizon, ak difikilte, Jozèf te rete fidèl e li te mete konfyans nan plan Bondye pou li. Pandan 5 jou sa yo, n ap swiv kijan Bondye te fè chemen ak li. Nou va aprann tou kijan li te fè fas ak trayizon, rezistans nan tantasyon, ak pwomès Bondye yo ki te rive reyalize nan tan Li.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo