Jenèz 41:33-46
Jenèz 41:33-46 HAT98
Kounyeya, se pou farawon an chwazi yon moun ki gen lespri ak bon konprann pou l mete l chèf sou tout peyi Lejip la. Se pou ou mete chèf toupatou nan peyi Lejip la, pou yo ranmase yon senkyèm (⅕) nan tout rekòt ki pral fèt pandan sèt bon lanne yo. Se pou yo ranmase pwovizyon pandan tout lanne ki pral vini yo. Se pou farawon an ba yo otorite pou yo anpile pwovizyon yo nan depo nan chak vil, lèfini pou yo veye yo. Konsa, pwovizyon sa yo va sèvi yon rezèv pou peyi a pandan sèt lanne grangou k'ap vin tonbe apre sa sou peyi Lejip, pou grangou pa fini ak peyi a. Farawon an ak tout moun pa l yo te tonbe dakò ak sa Jozèf te di a. Farawon an di moun pa l yo: — Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a? Farawon an di Jozèf: — Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pesonn ki gen plis lespri ak pi bon konprann pase ou. M'ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou. Apre sa, farawon an di Jozèf: — Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l nan dwèt Jozèf. Li abiye l ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l. Li fè li moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a, apre cha wa a. Li bay gaddonè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo rele byen fò: Bravo! Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la. Farawon an di Jozèf: — Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pèsonn pa gendwa fè anyen ni al okenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou. Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la. Jozèf te gen trantan lè li te konmanse sèvi farawon an, wa peyi Lejip la. Li pati, li vwayaje toupatou nan peyi Lejip la.


