Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l sòti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l, li chanje rad, epi li parèt devan farawon an. Farawon an di Jozèf konsa: — Mwen fè yon rèv, pèsonn pa ka di m sa l vle di. Men yo di m depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l. Jozèf reponn farawon an: — Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la. Farawon an di: — Mwen reve mwen te kanpe bò larivyè Nil la. Konsa, sèt bèl vach byen gra te moute sòti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a. Apre sa, sèt lòt vach tou mèg, tou lèd, tou chèch te moute sòti nan dlo a dèyè lòt yo. Mwen poko janm wè vye vach lèd konsa nan tout peyi Lejip la. Vye vach mèg yo manje bèl vach gra yo. Lè yo te fin vale yo, se tankou si yo pat janm manje. Yo te rete menm jan yo te ye anvan an. Epi je m vin klè. Apre sa, mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè sèt grap ble byen plen, byen mi ki t'ap pouse ansanm sou yon sèl pye ble a. Apre sa, sèt lòt grap parèt dèyè yo. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo. Grap mèg yo souse sèt bèl grap yo. Mwen rakonte rèv yo bay divinò yo, men yo yonn pat kapab esplike yo ban mwen. Jozèf di farawon an: — Tou de rèv yo vle di menm bagay la: Bondye fè ou konnen sa li pral fè.
Li Jenèz 41
Koute Jenèz 41
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 41:14-25
5 Jou
Lavi Jozèf te ranpli ak eprèv epi pwomès. Malgre trayizon, prizon, ak difikilte, Jozèf te rete fidèl e li te mete konfyans nan plan Bondye pou li. Pandan 5 jou sa yo, n ap swiv kijan Bondye te fè chemen ak li. Nou va aprann tou kijan li te fè fas ak trayizon, rezistans nan tantasyon, ak pwomès Bondye yo ki te rive reyalize nan tan Li.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo