Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la. Li wè sèt bèl vach byen gra moute sòti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a. Apre sa, sèt lòt vach tou lèd, tou mèg, moute sòti nan dlo a tou. Yo vin kanpe toupre lòt vach yo, bò dlo a. Sèt vye vach mèg yo manje sèt bèl vach gra yo. Epi je farawon an vin klè.
Dòmi pran l ankò, li fè yon lòt rèv. Li wè sèt gwo grap ble ki t'ap pouse sou yon sèl pye ble. Yo te plen grenn, yo te mi. Apre sa, sèt lòt grap vin parèt sou menm pye ble a. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo. Sèt grap chèch yo souse sèt bèl grap yo. Epi je farawon an vin klè ankò. Se rèv sa yo li te fè.
Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pat kapab esplike rèv la ba li.
Se lè sa a, chèf kanbiz la di farawon an:
— Kounyeya mwen chonje mwen te fè yon fòt. Yon jou, monwa, ou te ankòlè sou sèvitè ou yo. Ou te fè mete yo nan prizon lakay kòmandan gad palè ou la. Se te mwen menm, chèf kanbiz ou a, ansanm ak chèf boulanje ou la. Yon jou lannwit, nou tou de nou reve. Chak moun te fè yon rèv diferan. Chak rèv te gen sans pa l. Te gen yon jenn ebre avèk nou nan prizon an. Se te yon esklav kòmandan gad palè a. Nou rakonte l rèv nou yo. Epi li esplike yo ban nou, li bay chak moun sans rèv li te fè a. Tout bagay pase jan li te di a: Sou twa jou vre, farawon an te mete m nan plas mwen ankò. Pou chèf boulanje a menm, li te fè pann li.
Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l sòti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l, li chanje rad, epi li parèt devan farawon an. Farawon an di Jozèf konsa:
— Mwen fè yon rèv, pèsonn pa ka di m sa l vle di. Men yo di m depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l.
Jozèf reponn farawon an:
— Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la.