Jenèz 40:1-8
Jenèz 40:1-8 HAT98
Kèk tan apre sa, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa Lejip la te fè mèt yo yon bagay. Farawon an te move ni sou chèf kanbiz la ni sou chèf boulanje a. Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an. Kòmandan gad palè a mete yo sou kont Jozèf pou l sèvi yo. Yo pase kèk tan nan prizon an. Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo. Lè Jozèf vin jwenn yo nan denmen maten, li jwenn yo boulvèse. Li mande yo: — Poukisa nou kagou konsa jòdi a? Yo reponn li: — Nou chak fè yon rèv, men pa gen pèsonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Josèf reponn yo: — Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m rèv nou yo.

