Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare. Lè sa a, Senyè a di Kayen: — Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? Si sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li. Yon jou, Kayen t'ap pale ak frè li Abèl, epi antan yo nan jaden an konsa, li vire li sèvi Abèl yon kou, li touye li frèt. Senyè a mande Kayen: — Kote frè ou Abèl? Kayen reponn: — Mwen pa konnen. Epitou, èske se mwen ki gadò li? Bondye di konsa: — Poukisa ou fè sa ou fè a? San Abèl, frè ou, ki koule a, l'ap rele. Vwa a rive jouk nan zòrèy mwen. Enben, tè ki te louvri pou bwè san frè ou ou fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou. Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa li ta dwe. W'ap tounen vakabon pyepoudre sou latè.
Li Jenèz 4
Koute Jenèz 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 4:5-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo