Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Senye a. Abèl menm, bò pa l, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l yo, li ofri bay Senyè a. Senyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare. Lè sa a, Senyè a di Kayen: — Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? Si sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li. Yon jou, Kayen t'ap pale ak frè li Abèl, epi antan yo nan jaden an konsa, li vire li sèvi Abèl yon kou, li touye li frèt.
Li Jenèz 4
Koute Jenèz 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 4:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo